Vin jwenn ekosistèm VIP a: Yon kabinè ki kreye pa konseye e pou konseye.
Nan VIP Gestion de Patrimoine et Investissements, misyon nou se pa sèlman rekrite moun, men se bati bèl karyè k ap dire, fè kabinè yo pwospere, epi fòme pwofesyonèl ki se lidè nan domèn yo.
Nou ofri nan Kebèk yon anviwònman ou pap jwenn okenn lòt kote, kote valè moun, teknoloji ak yon bèl modèl biznis mache men nan men pou ede w rive kote w vle a.
Si w pare pou w pran kontwòl total avni finansye w epi ofri bonjan kalite sèvis pou kliyan w yo, plas ou se la a.
Se la a VIP GPI fè gwo diferans ak rès mache a. Modèl nou an fèt pou bay antreprenè ki nan ou a jarèt.
(Kontwòl total)
Nou ba w libète ak estrikti yon antreprenè, pandan n ap ba w tout sipò yon gwo kabinè asirans.
(Ekselans nan pwofesyon w)
Nou envesti nan konesans ou pou n asire w ap toujou reyisi.
(Endepandans san kontrent)
Rezilta : Ou ka ofri pi bon solisyon ki gen sou mache a, ki toujou adapte a sa kliyan w yo bezwen toutbon.
Ou pa bezwen ap voye kliyan w al chèche sèvis byen lwen ankò. Nan VIP GPI, ou ofri tout sèvis ou bezwen yon sèl kote (guichet unique).
Avantaj : Ou ofri kliyan w plis valè, ou fè plis kòb nan plizyè sous, epi l fè kliyan an rete pi lontan avè w.
Pèfòmans mache ansanm ak yon moun ki santi l byen. Se poutèt sa nou kreye biwo nou yo pou yo konfòtab, bèl tankou yon fanmi, epi ki ankouraje moun travay.
VIP se yon kilti ki chita sou tèt ansanm ak pataj, avèk yon ekip ki gen moun divès kalite. Nou toujou mete valè imen anvan tout gwo desizyon.
Nou envesti anpil lajan pou n ede w konsantre sèlman sou sa k pi enpòtan an : kliyan w yo.
4 wout ki byen klè epi ki byen trase pou mennen chak pwofil rive nan siksè.
Pou pwofesyonèl ki deja sètifye ki vle monte yon lòt nivo.
Pwochen etap pou ou : Pase dirèkteman nan pwogram k ap akselere karyè w la.
Pou moun ki vle antre nan domèn asirans lan ak bonjan baz.
Pwochen etap pou ou : Vin bati bonjan baz solid pou siksè w.
Pou kabinè ki vle devlope pi vit san yo pa pèdi pwòp esans yo.
Pwochen etap pou ou : Vin fè pati yon rezo ki kreye pou pouse do kabinè ki vle ale lwen yo.
Pou konseye ki wè lwen epi ki vle bati yon ekip san yo pa nesesèman oblije louvri yon kabinè.
Pwochen etap pou ou : Devlope oganizasyon w lan san w pa antre nan gwo tèt chaje papye biwo.