CELIAPP (oswa FHSA) se yon kont anrejistre ki fèt espesyalman pou ede Kanadyen sere lajan pou achte premye pwopriyete yo. Li ba w 2 bèl gwo avantaj sou zafè taks ou pap jwenn okenn lòt kote.
Yon moun ki achte l epi ki mete $8 000 chak ane pandan 5 an ap rive ranmase $40 000, toutpandan l ap peye mwens taks chak ane tou. Apre sa, li ka sèvi ak tout lajan sa a, nèt, san l pa peye taks sou li, pou l bay kòm premye pèman (mise de fonds) pou kay li a.
Konprann byen diferans ki genyen ant CELIAPP, CELI ak REER.
| Kisa li ofri | CELIAPP | CELI | REER |
|---|---|---|---|
| Gwo objektif la | Premye pwopriyete | Sere kòb pou sa w vle | Pou lè w pran retrèt ou |
| Lajan ou mete ki diminye taks ou | Wi | Non | Wi |
| Ou ka rale kòb san taks | Wi (pou achte) | Wi | Non |
| Enterè yo fèt san taks | Wi | Wi | Wi |
| Ou oblije remèt kòb ou rale a | Non | Non | Si w sèvi ak RAP (wi) |
Ou ka sèvi ak tou de pou menm kay la. Egzanp : $40 000 ki soti nan CELIAPP + $35 000 ki soti nan RAP = sa ap ba w $75 000 total ou ka bay kòm premye pèman.
Lajan CELIAPP la pap janm "pèdi". Ou ka transfere rès kòb la nan yon REER oswa nan yon FERR san l pa deranje taks ou, konsa ou evite yo fè w peye taks lapoula.
Louvri yon CELIAPP depi kounye a, menm si se ak yon ti kòb kraze, sa ap kòmanse ba w dwa pou mete plis lajan. Se premye gwo pa ou fè sou wout pou w gen kay pa w.
Pale ak yon konseyeAtik nou yo k ap fè w konnen tout bagay sou CELIAPP.