Se yon plan konplè k ap pran men w sot nan A rive nan Z, depi lè w fèk kòmanse reve a jouk rive lè ou nan kay la nèt epi sa nan tout domèn: ede w jwenn lajan "mise de fonds" lan pi vit, ranje dosye kredi w (score) pou l pi bon, epi fini ak dèt ou yo.
Mete sou sa, nou mete yon ekip ekspè ki gen anpil eksperyans a dispozisyon w : kontab, konseye nan sekirite finansye, koutye pou ipotèk, notè, enspektè kay, koutye pou kay (immobilier), elatriye.
Sèvis akonpayman nou an kòmanse depi w gen lide achte premye kay ou a epi li rete avè w jouk tout bagay reyalize nèt.
Pi gwo objektif Pwogram San Tèt Chaje (Clef en main) sa a se mennen w nan chak etap nan wout pou achte kay la. Se yon sèvis kote w jwenn tout bagay yon sèl kote (guichet unique). Ou pa bezwen ap kouri adwat agoch ankò, tout solisyon yo rasanble ansanm.
Pwogram sa a la pou rann bagay yo pi senp paske anpil moun konn wè wout pou achte kay la konplike epi l bay strès anpil. Sa ap ede maksimòm moun posib rive posede pwòp kay pa yo.
Gade an detay tout sitiyasyon finansye w nèt pou n ka ede w rive soti kote w ye a pou w al kote ou ta vle ye a.
Analize nòt kredi w la ansanm ak kantite dèt ou genyen yo (ratio) pou w ka gen tout chans bò kote w pou yo ba w prè a.
Prepare lajan pou "mise de fonds" lan, taks yo (lekòl, vil, taks bienvenue), frè pou enspeksyon an, notè ak pou deplase a.
Kreye yon plan pou pèmèt ou rasanble premye kòb la oswa pou jwenn lòt lajan anplis.
Mete koutye, konseye, enspektè ak notè pare pou asire tout tranzaksyon an fèt byen.
Atik nou yo k ap gide w pou w ka achte kay ou.